TECHINRI LLC se yon konpayi teknolojik k ap devlope epi estriktire yon ekosistèm otou nimerik, komès, sèvis ak nouvo opòtinite. Se teknoloji ki motè prensipal la, fòs ki dèyè tout sa nou kreye.
Objektif li se kreye solisyon ak aktivite ki ka reponn diferan bezwen, pou moun kou biznis. TECHINRI pa chita sou yon sèl pwodwi ni yon sèl sèvis : li sèvi kòm estrikti santral pou plizyè inisyativ, mak ak pwojè, chak ak pwòp misyon li, pwòp mache li ak pwòp modèl ekonomik li.
Vizyon an se konstwi tikras pa tikras yon konpayi ki ka opere nan plizyè domèn konplemantè, kreye pwòp solisyon li, devlope nouvo platfòm epi konekte diferan kalite aktivite anndan yon sèl ekosistèm. TECHINRI Agency ak TECHINRI Market se de premye aktivite ki disponib jodi a.